Rankont ant Reprezantan Ofisyèl 2 Kore yo

Wi Sung-Lac ak Ri Yong Ho ki ap reprezante 2 kore yo

Otorite sid-koreyen fè konnen anvwaye espesyal Kore di Nò ak Kore di Sid sou kesyon nikleyè fè chita-tande vandredi 22 jiyè 2011 la nan koulis konferans sou sekirite rejyonal peyi-manm Asosyasyon Nasyon Azi di Sidès la (ASEAN ou ANAZE) k ap dewoule nan Bali, peyi Endonezi.

Daprè kèk sous diplomatik, se premye rankont ki fèt ant anvwaye espesyal 2 Kore yo depi chita-tande ant 6 peyi k ap negosye sou sitiyasyon an sou Preskil Kore a te kraze an desanm 2008.

Ajans nouvèl sid-koreyen an, Yonhap, ekri pou l di anvwaye espesyal Kore-di-Sid la, Wi Sung-lac, ak anvwaye espesyal Kore di Nò a, Ri Yong Ho, abòde pwosesis dezameman nikleyè a nan chita-tande sa a ki pa yon rankont ofisyèl. Okenn nan 2 pati yo pa bay detay sou rankont sa a.