Pi gwo ansyen lidè kmè wouj yo konparèt devan yon tribinal kanbodyen lendi 27 jen 2011 la nan kòmansman yon pwosè moun t ap tann depi lontan, sou akizasyon dèske yo te komèt krim kont limanite.
Pou tribinal la -ki gen apui Nasyonzini e k ap jije kriminèl ki te komèt abi dwamoun grav ak atwosite sou rejim kmè wouj la jijman sa a reprezante yon gwo evennman.
Yo te mete tribinal sa a sou pye pou bay yon jistis san pati-pri e pou chache pote rekonsilyasyon ak gerizon nan yon peyi divize akoz zak kraze-zo Kmè Wouj yo te komèt nan fen ane 70 yo.
Yon afè de 700 moun te ranpli tribinal la pou kòmansman pwosè a ; pi fò nan moun sa yo se viktim ansyen rejim nan. 4 akize yo (ki nan laj vye gran moun kounyela a) te chita kòt a kòt, avèk menòt nan men yo, dèyè yon rido, pou yo te tande akizasyon k ap peze sou do yo.