Prezidan Obama Rive Sewoul, Kore di Sid, Pou Somè G-20 an

Prezidan Obama Rive Sewoul, Kore di Sid, Pou Somè G-20 an

Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive nan Kore di Sud apre yon brèf vizit nan peyi Endonezi kote li te pase kèk ane nan anfans li. A pati de jedi 11 novanm 2010 la, lidè ameriken an pral genyen pou l patisipe nan kèk negosyasyon difisil nan Sewoul ak lidè 19 lòt gwo puisans ekonomik.

Ann arivan misye Obama nan Seoul, li fè patnè ekonomik Washington yo konnen pwòp pwosperite yo makonnen sere-sere ak pwoperite Lèzetazini, e se yo tout ki dwe travay ansanm pou yo granti relans ekonomi mondyal la. Nan yon lèt prezidan ameriken an voye bay patnè Lèzetazini yo, li pran angajman pou l di Washington pral jwe wòl pa l pou l rétabli yon kwasans ekonomik dyanm e remete trankilite sou mache mondyal yo. Daprè li, pi gwo kontribisyon Lèzetazini kapab pote nan efò pou reyalize objektif sa a, e ranfòse relans ekonomik la lakay li, gras ak kreyasyon travay --epi ogmantasyon lajan anplwaye ap touche.

Byen bonè mèkredi 8 novanm 2010 la, pandan prezidan Obama te nan Dyaklarta, nan Endonezi toujou, li te fè yon gwo diskou kote li fè konpliman pou demokrasi peyi sa a. Daprè li, lespri tolerans nan domèn relijyon an, se youn nan prensipal karakteristik peyi Endonezi. Misye Obama te kontinye pou l di Endonezi se pi gwo peyi mizilman nan lemond, e Lèzetazini rekonèt prensip ki di “genyen fòs nan divèsite”.

"Se yon istwa ki ekri nan deviz nasyonal tou 2 peyi nou yo. Ozetazini, deviz nasyonal la di: E Pluribus Unum : Nou anpil, men nou fè yon sèl. Gen inite nan divèsite…. Nou se 2 peyi ki travèse chemen diferan. Sepandan, peyi nou yo montre ke dè santèn de milyon moun, ki genyen kwayans diferan, kapab rete ini nan libète anba yon sèl drapo."

Otorite ameriken yo te prese koupe sou longè vizit prezidan Obama t ap fè nan Endonezi a, paske vòlkan Merapi, ki sou il Java, nan pati santral peyi a, ap voye nyaj-lafimen ak sann nan lè a. Tankou nou di l, aprè Endonezi, misye Obama ale nan Seoul, nan Kore di Sud, kote l ap patisipe nan somè G-20 an.