Pewou-Prezidanyèl : Keiko Fujimori Ranpòte Premye Tou a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Keiko Fujimori (agoch) ak rival li Pedro Pablo Kuczynski, pandan yo tap rive nan 2 biwo de vòt pou yo vote nan kòmansman jounen dimanch 10 avril 2016 la.

O Pewou, Keiko Fujimori -pititfi ansyen prezidan Alberto Fujimori ki nan prizon depi kèk ane deja- ranpòte premye tou eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 10 avril 2016 la, dapre dekont pasyèl vwa yo. Miss Fujimori pat pèdi tan pou l reyaji. Li deklare:

“Mwen vle di nou nou pral kontinye travay avèk yon pi bèl lavni kòm objektif. Mwen vle di nou sou lonè mwen, mwen pran yon angajman anvè peyi m. Nan 2èm tou a ki pral komanse talè, nap vini ak pwopozisyon, avèk ide e nap montre nou a la otè okazyon an.”

Keiko Fujimori --ki se yon politisyèn santre-dwat-- ranmase 38 pou san vwa yo jiskaprezan. Si li ranpòte 2èm tou a ki fikse pou mwa jen pwochen an, lap tounen premye fanm kap okipe plas Prezidan an nan tout listwa peyi Pewou.