Pap François denonse fo nouvèl sou COVID-19 ak vaksen yo, kote li kritike sevèman moun k-ap "defòme reyalite a baze sou perèz" men tou li ankouraje moun ki kwè nan manti sa-yo pou yo chache èd pou yo konprann sa lasyans jwenn.
Pap-la te rankontre ak jounalis Katolik ki fòme yon rezo pou chache verite k-ap konbat enfòmayon defòme sou pandemi an.
Chef legliz la anpil fwa mande pou jounalis yo fè travay serye ki chache verite e respekte moun, e reyinyon-li-a ak gwoup jounalis "Katolik k-ap tcheke nouvèl-yo" pote mesaj sa-a pi lwen.