Ozetazuni, Vaksen Booster Kont COVID-19 Ap Vini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto Achiv: Yon teknisyen konpayi Pfizer ap enspekte echantiyon vaksen Pfizer-BioNTech la pou COVID-19.

Vaksen Booster (siplemante) pou maladi COVID-19 la ap disponib anvan lontan pou omwens kek Ameriken men gen anpil koze syantifik ki poko fin regle pa rapo ak sa. Nou poko konnen kiyes kap bezwen li ni kile, egzakteman.

Administrasyon Biden nan te gen pwoje pou'l ofri vaksen Booster Pfizer ak Moderna apati 20 Septanm.

Men done syantifik ki soti toupatou nan mond lan montre vaksen Ameriken yo toujou trez efikas kont ka seve coronavirus la e yo anpeche lanmo. Sepandan savan yo poko finn byen konprann kapasite yo pou anpeche enfeksyon ki mwen seve.

Konseye syantifik yo pral fe yon deba piblik sou done konpayi famaseutik Pfizer yo 17 Septanm. Responsab yo di responsab yo vle gen plis done sou vaksen Booster Moderna yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press