Otorite yo Jwenn 183 Kadav sou Fwontyè Amerikano-Meksiken an

Minis jistis Marisela Morales madi 26 avril 2011la

Nan peyi Meksik, minis jistis la Marisela Morales fè konnen jiskaprezan yo dekouvri 183 kadav nan fòs komin ki nan pati nòdès peyi a toupre fwontyè amerikano-meksiken an.

Minis Morales pale mèkredi 27 avril 2011 la nan moman li t ap anonse ke 74 moun , pami yo 17 polisye, jwenn arestasyon yo nan kad ankèt y ap men-nen.

Otorite yo te dekouvri kèk kadav sa pa gen lontan la a nan zòn San Fernando nan Eta Tamaulipas kote yo jwenn 72 imigran ki soti nan zòn Amerik Santral mouri ak bal nan tèt .

Otorite yo lage responsabilite ensidan sa yo sou do katèl dwòg meksiken Zetas.