Otorite Meksiken yo Kontinye ap Transpòte Imigran k ap Viv nan Tapachula,

  • Jean Robert Phillipe

USA-IMMIGRATION/MEXICO

Otorite Meksiken yo kontinye ap transpòte imigran k ap viv nan Tapachula, eta Chiapas nan lòt eta nan moman kote pwogram (MPP) a antre anaplikasyon.

Dapre pwogram (MPP) a imigran ki vinn mande azil sou fwontyè Etazini a dwe al tann yon randevou nan peyi Meksik pandan yon jij ap etidye demand azil yo.

Plizyè douzèn bis chaje ak imigran, ki soti nan Amerik Santral, Kiba, Ayiti ak Venezuela pran direksyon lòt eta dapre sa ajans nouvèl Reuters rapòte.

Anpil nan imigran sa yo gen lontan depi y ap tann nan Tapachula, Chiapas, tou pre fwontyè Meksik ak Gwatemala a pou yo eseye regularize stati yo. Pifò pami yo se moun ki kouri kite peyi yo akoz vyolans ak povrete ak espwa y ap jwenn on lavi miyò kay "Tonton Sam".

SEE ALSO: Kèk Migran Retounen nan Meksik apre Pwogram MPP a Rekòmanse

Sa pa gen lontan yon gwoup imigran, pami yo ayisyen, ki t ap viv nan Tapachula te pran wout la a pye akoz pat gen ase otobis pou transpòte yo.

Ricardo Pierre, ki se yon imigran ayisyen, te deklare "nou pati kite stad Olenpik Tapachula a paske pat gen ase otobis pou menen nou nan kapital la. Donk nou deside met fen nan soufrans nou. Lòt rezon an nou pa gen kòb pou n kontinye peye lwaye, nou deside pran direksyon nò pou n kapab jwenn travay".

Imigran ki transfere nan lòt eta resevwa yon pèmi ki valab pou 1 an ki kapab ede yo jwenn travay epi sikile nan peyi a.