Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) Eli Yon Nouvo Sekretè-Jeneral

Doktè Luis Almagro Lemes, Sekretè-jeneral eli Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) 18/3/2015.

Mèkredi 18 Mas 2015 la Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) eli yon nouvo Sekretè Jeneral OEA, Dr Luis Almagro Lemes (ansyen minis Afè Etranjè Irigwe) ki pral ranplase nan dat 26 me 2015 José Miguel Insulza nan tèt òganizasyon rejyonal la.

Your browser doesn’t support HTML5

Klike sou fichye ki anba tèks la pou ou tande yon repòtaj Jacquelin Bélizaire sou devlopman sa a.


Sousekretè Deta ameriken Antony Blinken "salye eleksyon misye Lemes la kòm yon pa ann avan nan ranfòsman ak reyalizasyon total pwomès OEA nan benefis tout sitwayen nan emisfè ameriken an. "Lèzetazini pote-kole ak tout Eta manm yo pou l felisite Sekretè-jeneral eli a e ba l asirans ke 'l genyen tout apui nou". (Fen sitasyon). Prezidan ameriken an, Barack Obama ak sekretè Deta John Kerry felisite tou Doktè Almagro Lemes k ap ranplase Miguel Insulza e yo fè konnen yo pa kapab tann pou yo koumanse travay ak li epi yo swete l siksè.

Nouvo chèf OEA a se yon diplomat de karyè, li te reprezante Uruguay kòm anbasadè nan peyi la Chin, li te okipe gwo pòs diplomatik nan peyi Almay e nan Iran. An plis Espayòl, Dr. Lemes pale anglè e fransè, e li se yon avoka pwofesyonèl. Li gen 51 an. Li marye e li genyen 7 pitit.

Sekretè jeneral eli OEA a ap antre an fonksyon nan mwa me a.