Nòvèj: Asayan Anders Behring Breivik Parèt Devan yon Tribinal

Komisè gouvènman-an di li pral reklame yon detansyon 8 semèn pou asayan Anders Behring Breivik

Odyans ki lye ak detansyon eleman ki admèt responsablite l nan eksplozyon bonm ak fiziyad an mass ki te dewoule nan Nòvèj la fini apre 35 minit.

Komisè gouvènman an di li pral reklame yon detansyon 8 semèn pou asayan Anders Behring Breivik, e yo byen kapab pwolonje detansyon an anvan pwosè l la kòmanse.

Nan kòmansman jounen an, yon jij te pran desizyon pou l fè yon seyans depozisyon ak tout pòt fèmen, kote li entèdi prezans publik la ak manm laprès nan tribinal la.

Mesye Breivik te mande yon seyans an piblik, dekwa pou l kapab eksplike rezon-dèt atak li lanse yo, atak ki touye moun inosan pa bann e pa pakèt nan Nòvèj.

Asayan an, Anders Behring Breivik, ap fè fas ak akizasyon teworis poutèt li te swadizan lanse atak ak bonm sou biwo premye minis norvejyen an nan kapital peyi a, Oslo.