Eleksyon Jeneral nan Nikaragwa - Daniel Ortega Ap Kenbe Pouvwa a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sitwayen nikaragweyen ki egzile o Meksik, te pwoteste, dimanch 7 novanm nan, kont òganizasyon eleksyon an. (Foto: REUTERS/Luis Cortes).

Depatman Deta ameriken an avèk kèk lòt gouvènman denonse vòt la sitou akoz absans opozisyon an nan konpetisyon an. Vrèmanvre, anvan operasyon elektoral la, rejim nan te mete prensipal lidè opozisyon an nan prizon.

Nan Nikaragwa, Konsèy Elektoral Siprèm nan genyen jiska 25 novanm pou l konfime venkè eleksyon jeneral ki dewoule dimanch 7 novanm 2021 an. Sepandan, tout pwojeksyon prezante lidè an plas la, Daniel Ortega, kòm gayan eleksyon prezidansyel la, puiske rejim nan te mete prensipal lidè opozisyon an nan prizon anvan operasyon elektoral la. Depatman Deta ameriken an avèk kèk lòt gouvènman denonse vòt la sitou akoz absans opozisyon an nan konpetisyon an.

Klike sou video ki pi ba a pou plis detay avèk Lyonel Desmarattes.

Your browser doesn’t support HTML5

Daniel Ortega ranpòte eleksyon prezidansyèl Nikaragwa