Nasyon Zini di Plis Pase 7500 Moun Deja Mouri nan Siri

Nasyon Zini di Plis Pase 7500 Moun Deja Mouri nan Siri

Yon gwo otorite nan Nasyon Zini, Lynn Pascoe -ki se responsab an chèf kesyon politik nan òganizasyon mondyal la- fè konnen operasyon sere-boulon prezidan siryen an, Bashar Al-Assad, lanse kont popilasyon sivil la: “Deja koze lanmò plis pase 7 mil 500 moun”, tandiske diplomat yo kontinye chache mwayen pou yo mete fen nan kriz la epi pèmèt asistans imanitè antre nan peyi a.

Misye Pascoe ki t ap abòde dosye a deklare bon jan nouvèl ki sòti nan Siri fè l konnen plis pase 100 kretyen vivan pèdi lavi yo chak jou nan peyi a –pami viktim sa yo genyen fanm ak timoun.

Lafrans anonse diplomat yo nan Konsèy Sekirite l ONU an kòmanse prepare yon pwojè-rezolisyon ki mande fen imedyat zak vyolans yo nan Siri, yon fason pou èd imanitè kapab ale nan zòn ki anba atak twoup gouvènmantal yo depi plizyè semèn deja.