Ayiti-Sante: Kijan MSPP Konte Jere Vid Medsen San Fwontyè Pral Kite avek Fèmti 2 Sant Medikal

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon ti gason, nan bra manman li, ap resevwa swen yon enfimyè nan yon klinik nan Anse d'Hainault, pati sidwès Ayiti. (Foto: 14 oktòb 2016. Achiv).

Pre MSF (Medsen San Fwontyè) te anonse li pral fèmen 2 nan sant enpòtan li genyen nan Peyi d Ayiti (youn nan Dela epi lòt la nan Taba), direktè jeneral Depatman Sante Piblik ak Popilasyon an, Lauré Adrien, anonse yon plan ministè a genyen pou l anplwaye yon pòsyon nan pèsonèl MSF.

Misye Adrien ensiste pou l di etan done kantite pwofesyonèl MSPP deja genyen atravè peyi a, li pap ka absòbe yon afè 400 moun ki te aktif nan pwofesyon an e ki, san entèvansyon ministè a, te ka ale ogmante to chomaj la. DJ a di se anviwon mwatye nan total la ki ka reseva apèl otorite lasante yo pou yo kontinye mete sèvis yo a la dispozisyon popilasyn an.

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarayon direktè jeneral Depatman Sante Piblik la, Lauré Adrien, sou fason MSPP pral jere pèsonèl 2 sant sante ki pral fèmen.

Kike sou lyen anlè a pou w koute yon ekstrè nan deklarasyon Misye Adrien fè sou kesyon an nan jounen mèkredi 25 jiyè 2018 la.