Vis-Prezidan Etazini an Mike Pence: 'Tout Opsyon sou Tab la pou Sak Gen Rapò ak Pwogram Nikleyè Kore di Nò a'

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, (agouch) ak Premye Minis Japonè a, Shinzo Abe, (adwat) nan Tokyo, 18 avril, 2017.(Foto: AP/Eugene Hoshiko, Pool)

Vis-prezidan ameriken an, Mike Pence, fè konnen kominote entènasyonal la dwe mete presyon diplomatik ak ekonomik sou Kore di Nò, yon fason pou fè l abandone pwogram zam nikleyè ak misil balistik li yo. Misye Pence lanse avètisman pou l di: tout opsyon yo toujou sou tab la pou sak gen rapò ak dosye Kore di Nò a. Vis-Prezidan ameriken an pale konsa madi 18 avril 2017 la nan vil Tokyo, kapital Japon an kote li di Lèzetazini pap kanpe toutotan li pa reyalize objektif denikleyarizasyon prèskil Kore a, paske epòk pasyans estratejik la fini. Vis-Prezidan Pence di:

"Tankou mwen te di sa klèman deja nan non Prezidan Trump pandan vizit mwen sot fè nan Kore di Sid, epòk pasyans estratejik la rive nan bout li. Menm si tout opsyon yo rete sou tab la toujou, Prezidan Trump gen detèminasyon pou l travay ak Japon, Kore di Sid e tout alye nou genyen nan rejyon an, e kounye a Lachinn ladann, dekwa pou nou jwenn yon rezolisyon pasifik nan denikleyarizasyon preskil Kore a.

Bò kote pa l, premye minis japonè a, Shinzo Abe, byen akeyi apwòch tou nèf administrasyon Trump la ki pare pou l itilize tout opsyon nèt kont rejim nò kote gen an. Mesye Abe deklare :

"Natirèlman, nou ta dwe chache jwenn yon solisyon pasifik pou kesyon an, malgre mwen panse ke fè dyalòg tou senpleman pou fè dyalòg (dyalòg pou la fòm) pa vle di anyen; li nesesè pou n kontinye fè presyon sou Kore di Nò, dekwa pou n fè l antre nan lojik yon negosyasyon serye."

Vis-Prezidan ameriken an, Mike Pence, ak chèf gouvènman japonè a, Shinzo Abe, pale konsa yon jou apre otorite nò koreyen yo te echwe nan yon tantativ pou yo lanse yon misil apati de yon baz kote yo bati sou maren nan vil Sinpo, Kore di Nò.