Michaëlle Jean Fas-a-Fas ak yon Sitwayen Wandè nan Reeleksyon pou Pòs Sekretè Jeneral Frankofoni an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

sekretè jeneral Frankofoni an, Michaëlle Jean ki se yon aysiyè dorijin.

Prezidan Jovenel Moise pap patisipe nan 17èm somè Oganizasyon Intènasyonal Frankofoni a (OIF) k ap dewoule nan Armeni soti 6 pou rive 12 Oktòb akoz tranblemanntè ki frape gran nò peyi a.

Delege yo gen pou vote pou yo chwazi nouvo sekretè jeneral òganizasyon an; yon kous ki mete fas-a-fas sekretè jeneral sòtan an, kanadyèn dorijin ayisyèn Michaëlle Jean, ak minis afè Etranjè peyi Wanda a Louise Mushikiwabo.

Sekretè jeneral sòtan Michaelle Jean di l ap rete nan kous la malgre Kanada ak Kebèk anonse yo pap apiye l. Sa pa gen lontan Prezidan Jovenel Moise te deklare Ayiti ap apiye kandidati Michaëlle Jean pou ede l repedale kòm sekretè jeneral òganizasyon an. Nan mwa ki pase yo Michaelle Jean te tonbe anba anpil kritik pou fason l ap dirije Oganizasyon Intènasyonal Frankofoni an.