Kantite viktim yo monte rive 225, tandiske plizyè douzèn kay kraze. Soukous sa a mezire 7,1 sou echèl Riktè a.
Nan Peyi Meksik, sekouris ap fè fouy mekredi 20 septanm 2017 la vil Meksiko, kapital la, e nan eta ki tou prè yo nan espwa yo va jwenn plis moun ki sòti vivan nan yon gwo kokenn tranblemanntè ki te frape peyi a nan lavèy; gwo soukous sa a mezire 7,1 sou echèl Riktè a. Tranblemanntè sa a koze lanmò omwen 225 moun tandiske plizyè douzèn kay tonbe atè.
Kap ki tobe anba frap tranblemandtè 7.1 an o Meksik. 19 septanm 2017.
Minis enteryè meksiken an, Osorio Chong, di fòs zame ak lapolis peyi a pral kontinye itilize tout mwayen ki nesesè pou yo jwenn plis moun ki ta chape anba gwo dezas natirèl sa a.
Volontè kap ede moun ki viktim yo o Meksik apre yon gwo tranblemndtè te frape vil ki rele: Mexico City a, Meksik, 19 septanm 2017.
Sitwayen sivil te prese mete ak ekip sekouris yo yon ti tan apre goudougoudou a te frape kapital peyi a nan aprèmidi jounen madi 19 septanm 2017 la; yo sèvi ak ekipman lou e menm pwèp men yo pou yo wete gwo pil debri. Sant kokenn tranblemanntè sa a twouve l nan Eta Puebla sou yon distans 123 kilomèt o sidès Meksiko.