Prezidan Iranyen Voye yon Mesaj Bay Lèzetazini

Prezidan iranyen an Mahmoud Ahmadinejad

Prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad deklare li pa twò ta pou Lèzetazini amelyore relasyon ni ak Iran .

Nan yon entèvyou avèk Ajans nouvèl Associated Press, lidè iranyen an di Prezidan ameriken an, Barack Obama, pa janm respekte pwomès li pou l eseye re-louvri dyalòg ak Iran.

Li di li toujou gen espwa pou gen yon rankont fas a fas ant yo 2 a. Pandan diskou msye Ahamadinejad nan Asanble jeneral Nasyonzini an, li kritike seriezman Lèzetazini, Izrayel ak l’Oksidan. Li akize-yo deske yo provoke lagè, ankouraje mezantant nan le mond e simen diktati.