Meksik: Lagè Kont Trafik Dwòg la ap Kontinye

Moun k ap pote yon sign pou kanpe gè a nan meksik kont gang yo

O Meksik, lame maritim fè konnen 13 moun mouri nan yon boukantaj kout zam ki dewoule ant fòs sekirite yo ak moun ki sanble ta manm katèl dwòg Zetas; pami viktim yo genyen manm lamarin nan.

Responsab meksiken yo, ki t ap abòde kesyon an lendi 9 me a, di kèk manm lamarin t ap fè patwouy sou Lak Falcon nan lè yo te dekouvri yon chan yo sispèk kòm yon plantasyon dwòg ki sou yon zile; se lè sa a kout zam te kòmanse tire.

Otorite yo di yo sezi 20 zam apre afwontman an. Lak Falcon --ki sou lizyè Meksik ak Eta Texas- se zòn kote sitwayen ameriken David Hartley sanble te mouri anba kout bal li te resevwa nan tèt nan fen mwa septanm 2010 la. Yo pa janm rive jwenn kadav li.