Nouvèl Lemond an Foto

Seremoni envestiti nouvo Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron, nan dat 14 me 2017, Pari, Frans.

 

Konpetisyon Red Bull 400 nan Syèl Entènasyonal Sunkar la, Almaty, Kazakhstan.

Ekip ki espesyalize nan dezamòse bonm nan lame peyi Nepal la dezamòse yon eksplozif pandan eleksyon lokal yo nan Bhaktapur.

Nèg ki konn fè lit sovaj yo rele Sumo a nan peyi Japon ak kostim batay yo nan yon aktivite espesyal yo rele "Baby-cry-Sumo" nan Kamegaike-Hachiman SAGAMIHARA, Kanagawa, Japon.

Yon tren chavire sou yon bò li apre li te fin deraye epi antre sou yon kay nan vil Adendro, nò peyi Lagrès.

Yon fanmi chwazi pou l pase jou 'Fèt-dè-Mè ou fèt manman' an sou bò fwontyè Meksik ak Lèzetazini an nan Tijuana, Meksik, 13 me 2017.

Miley (agoch) ak Noah (adwat) Cyrus kap chante ak kè kontan 'jwaye anivèsè' pou manman yo Tish, nan  yon konsè nan Wango Tango, Carson, California,, 13 me 2017.

Pilòt nan kous machin pou konpayi Mercedes, Lewis Hamilton, nan Grann Bretay, (nan mitan), lanse twofe li a an lè apre te fin ranpòte prim ki rele 'Fòmil Youn Espanyòll Grand Pri' ou 'Formula One Spanish Grand Prix' nan Baselòn, Catalunya, Montmelo, peyi Espay.

Aric Almirola (43) fè yon aksidan ansanm ak  Danica Patrick e Joey Logano pandan NASCAR MONSTER koup kous machin nan Kansas City, Kansas, Etazini, 13 me 2017.

Tren a vapè 'Flying Scotsman' la nan Escosse

Salvador Sobral ki soti nan Portugal, (adwat), anbwase sè li, Luisa, apre l te fin chante chan ki rele, "Amar pelos dois" nan final Konkou chante Eurovizyon an nan Kyiv, Ikrèn,, 13 me 2017.

Manm ekipaj Zizal la, yon kaptèn dhow nan cheikh Hamdan bin Mohammad bin Rashid al-Maktoum kap pran direksyon liy arive a nan Dubay nan moman yo ta pral ranpòte kous Bato-a- Vwal tradisyonèl la nan Al-Gaffa, zile Sir Bu Nair.