Antèman Manno Charlemagne ap dewoule nan Matine Vandredi 22 Desanm nan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Selebrayon piblik pou Emmanuel "Manno" Charlemagne (nan mitan) le 4 out 1995, jou li te prete sèman kòm majistra kominal Pòtoprens. Eleksyon an te dewoule le 25 jen 1995.

Antèman ofisyèl chantè angaje ayisyen Joseph Emmanuel "Manno" Charlemagne ap chante nan kòmansman jounen vandredi 22 desanm 2017 la nan Pòtoprens, pi presizeman sou Kyòsk Occide Jeanty a sou Chandmas la.

Nan asistans la genyen manm fanmi defen an, ofisyèl gouvènman Moise-Lafontant an, reprezantan biwo piblik yo, manmn palman an, reprezantan pouvwa jidisyè a, dirijan sosyete sivil la, pou n site pèsonalite sa yo sèlman.

Yo pral antere Manno Charlemagne nan vil adoptif li Vèrèt. Li te mouri nan dat 10 desanm pase a.