Vyolans eklate nan manifestasyon antigouvènmantal opozisyon an òganize nan vil Pòtoprens, kapital peyi Dayiti, nan okzazyon komemorasyon asasinay fondatè Endepandans peyi karibeyen an, Jean-Jacques Dessalines.
Manifestasyon Antigouvèmantal nan Pòtoprens nan Okazyon 17 Oktòb la Fè 2 Blese pa bal
Your browser doesn’t support HTML5
Omwen 2 moun pran bal nan manifestasyon ki dewoule samdi 17 okòb la nan okazyon komemorasyon lanmò Jean-Jacques Dessalines, fondatè endepandans peyi Dayiti, ki te pèdi lavi l nan yon gètapan 17 oktòb 1806 nan Pon Wouj, nan antre nò, vil Pòtoprens, kapital Ayiti.