Militan yo nan peyi Siri pare pou yo fè manifestasyon kont gouvènman an nan tout peyi a aloske Larusi sanble dispoze pou l konsidere yon rezolisyon Konsèy sekirite Nasyonzini an ki voye yon mesaj djanm bay prezidan siryen an, Bashar Al-Assad .
Ajans Frans Près rapòte pawòl militan dwazimen yo ki fè konnen fòs sekirite ki te nan yon pòs enpeksyon nan yon vilaj nan nodwès peyi a, tire e touye yon jenn gason.