Manifestan palestinyen ki move kou kong ak politik Sekretè Jeneral l ONU a ,Ban Ki-moon, voye baton ak wòch sou konvwa l pandan li t ap antre nan Gaza pou yon vizit tout kout.
Apeprè 40 manifestan, pami yo fanmi moun ki nan prizon ann Israel, te konfwonte konvwa Msye Ban nan pandan machin ni t ap travèse Erez, yon bouk ki sou fwontyè ant Israel ak Gaza.
Yo te chante slogan e leve pankat ki kritike chèf l ONU an daprezavwa li refize rankontre ak yo, e kòmkwa li gen pati-pri anfavè Israel.
Pou pi piti, gen 5 mil Palestinyen nan prizon ann Israel, anpil nan yo pou ofans konsènan sekirite. Fanmi yo ap mennen kanpay lontan pou jwenn liberasyon yo.