Manifestan Kontinye ap Pwoteste Kont Gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la

Manifestan Kontinye ap Pwoteste Kont Gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la

Plizyè milye manifestan nan Siri relanse apèl pou Prezidan Bashar al-Assad rache manyòk li nan moman fòs siryen kontinye ap batay ak tokay sòlda ki kite lame a pa bann e pa pakèt pou pase nan kan opozisyon an.

Kèk Militan fè konnen manifestasyon anti gouvènmantal dewoule nan tout peyi a, apre seyans lapriyè jodi vandredi a. Nan kòmansman jounen an, otorite siryen te fè konnen 7 sòlda ak polisye te pèdi lavi yo nan yon ofansiv ki te vize sa rejim Damas la rele « teworis k ap opere » nan pwovens Homs.