Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron, Kòmanse yon Vizit 3 Jou Ozetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump ak Premyè Dam Lèzetazini an, Melania Trump, ki t ap akeyi Prezidan fransè a, Emmanuel Macron (adwat) ak madanm li Brigitte Macron nan La Mezon Blanch nan Washington. (Foto: 23pril 2018).

Prezidan Donald trump ap resevwa prezidan fransè a, Emmanuel Macron, nan La Mezon Blanch nan fen jounen lendi 23 avril 2018 la kèk èdtan sèlman aprè M. Macron te debake nan baz militè Andrews la nan Eta Maryland, tou prè Washington, pou l kòmanse yon vizit 3 jou Ozetazini. Pandan vizit sa a 2 lidè yo gen pou yo rakontre plizyè fwa epi patisipe nan divès aktivite sosyal.

Premye pati nan pwogram vizit sa a, se yon seremoni resepsyon ki dewoule nan La Mezon Blanch nan fen apre-midi jounen lendi a kote Prezidan Macron ak madanm li, Brigitte, epi Prezidan Trump ak madanm li, Melania, plante yon pyebwa d chèn ewopeyen nan lakou sid gazon Mezon Blanch la; se yon kado koup Macon an fè koup prezidansyèl ameriken an.

Prezidan Emmanuel Macron ak madanm li, Brigitte Macron, ki t ap travèse tapi wouj la aprè yo te rive nan Washington pou yon vizit ofisyèl kote lidè fransè a gen pou l rankontre plizyè fwa ak Prezidan Donald Trump (Foto: 23 avril 2018).

Apre sa, 2 koup prezidansyèl yo pran yon elikoptè pou yo vizite sit istorik e toutistik Washington yo anvan yo ale Mont Vernon, pwopriyete premye prezidan Lèztazini an, George Washington, ki te bati nan 18èm syèk la arebò Flèv Potomac la nan Eta Vijini, tou prè kapital federal la. Yo pral fè yon tou nan chato sa a ki pentire en blan e ki gen stil "palladian" anglè; se youn nan lye touristik ki pi popilè Ozetazini. Aprè vizit la 2 prezidan yo ap rete Mont Vernon pou yon dine ofisyèl.

Nan jounen madi 24 avril la, Misye ak Madanm Trump pral òganize yon seremoni militè ofisyèl pou yo swete Misye ak Madam Macron byenveni nan La Mezon Blanch. Preske 500 manm fòzame Lèzetazini an, kap sòti nan tou lè 5 branch yo (aviyasyon militè, lamarin de gè, kò mèrin nan, lame de tè ak gadkòt) pral patisipe nan seremoni sa a.