L'ONU Kondane Eleksyon nan Birmani

Komisyon dwa zimen Nasyonzini an kondane eleksyon ki te dewoule sa pa gen lontan nan peyi Birmani a, paske, daprè manm komisyon an, eleksyon sa yo pat ni lib, ni onèt, ni transparan.

Komisyon dwa zimen Nasyonzini an se 3èm pi gwo antite nan Asanble Jeneral l’ONU an; li apwouve yon rezolisyon jedi 18 novanm 2010 avèk 96 vwa Pou e 28 Kont, pou l kondane vòt la.

Te genyen 60 abstansyon.