Sena a Resevwa Lis Minis Kabinè Jean Michel Lapin an Dapre Senatè Jean Rigaud Belizaire
Your browser doesn’t support HTML5
Senatè Jean Rigaud Belizaire, youn pami 7 manm komisyon espesyal senatoryal ki chaje pou analize dosye premye minis nome a, Jean Michel Lapin, fè konnen lis manm nouvo kabinè ministeryèl la ak dokiman relatif sou prezantasyon deklarasyon politik jeneral la deja nan sekretarya gran kò a.