Ayiti: Lapolis Anonse Fòmasyon yon Brigad Espesyal pou Pwoteje Dwa Pwopriyetè

Your browser doesn’t support HTML5

Pòtpawòl adjwen Polis Nasyonal la, Garry Desrosiers anonse kreyasyon yon "Task Force" nan nivo Ministè Lajistis. Objektif fòs sa a kap reyini 4 antite e ki ap gen pou opere nan tout peyi a, se jwenn yon solisyon nan fenomèn kote moun ap vòlè tè lòt moun ak vyolans.