Vizit d Amitye Sekretè Deta Pompeo nan Slovaki ak La Ongri

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Minis Afè Etranjè slovak, Miroslav Lajcak (adwat) ak Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, pandan yo t ap bay yon konferans pou laprès nan vil Bratislava, nan Slovaki, madi 12 fevriye 2019 la.

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, k ap mete fen nan yon tounen nan 2 peyi alye l’OTAN, Slovaki avèk La Ongri, lanse avètisman ba yo pou l fè yo konnen Larisi ak Lachin ap eseye konble yon vid politik nan rejyon Ewòp Santral la e, pou yo fè sa, y ap itlize sa Misye Pompeo rele “absans Lèzetazini” nan rejyon an pandan ane ki fèk pase yo.

Annarivan Sekretè Deta a nan vil Bratislava, kapital Slovaki, li deklare Lèzetazini rete yon zanmi peyi a pandan 30 tan endepandans Slovaki, swa depi ranvèsman sistèm sovyetik la. Se menm santiman amikal sa a chèf diplomasi amerikèn nan te eksprime nan La Ongri pandan yon vizit li te fè lendi nan Budapest kote li te bay kòlèg ongwa li a konsèy pou l ofri Ikrèn plis apui aprè Larisi te anekse pa lafòs Preskil Krime a epi li te anvayi pati oryantal peyi a.