La Grand Bretay ekspilse ofisyèlman tout diplomat rejim lidè Libyen an, Moammar Gadhafi e li rekonèt Konsèy Nasyonal Tranzisyon an kòm gouvènman lejitim peyi Libi.
Minis afè etranjè William Hague di: "aksyon sa a baze sou legitimite, konpetans ak siksè opozisyon an pou l touche sitwayen Libyen ki nan tout peyi a."
Li ajoute la Grand Bretay pral apiye konsèy la mènm jan li fè avèk tout gouvènman nan lemond antye.