Patizan kandida Fabricio Alvarado (Pati Restorasyon Nasyonal la (PRN) nan San José, Kosta Rika, panan yon deba ki te dewoule le premye fevriye 2018 la anvan eleksyon prezidansyèl dimanch 4 fevriye a.
Nan moman responsab yo nan Tribinal Elektoral Siprèm nan fin konte 70% vòt yo, Fabricio Alvarado ranpòte 25% vwa yo, tandiske rival ki pi pre l la, Carlos Alvarado Quessada (kandida Pati Aksyon Sivik ki sou pouvwa a), ranpòte 21% vwa yo. Obsèvatè yo atann yo aske Tribinal Elektoral la pibliye rezilta yo pou premye tou an anvan fen jounen lendi 5 fevriye a.
Kandida Pati Aksyon Sivik la (PAC) Carlos Alvarado, ki tap bay yon patizan lamen anvan li t al depoze bilten li nan San José nan eleksyon 4 fevriye 2018 la.
Sondaj yo montre 2 tyè sitwayen kostariken yo pa dakò ak maryaj ant 2 moun menm sèks, menm si jan de maryaj sa yo legal nan peyi Ajantin, Brezil, Kolonbi, Irigwe avèk Meksik. Gen 3 milyon 300 mil kostariken ki elijib pou yo vote. Pi fò nan yo se manm relijyon katolik women e se moun yo ki trè konsèvatè