Kore di Sid Tanmen Egzèsis Militè Woutin Tou Prè Fwontyè li ak Kore di Nò

Kore di Sid Tanmen Egzèsis Militè Woutin Tou Prè Fwontyè li ak Kore di Nò

Lendi 20 fevriye 2012 la, Kore di Sid tanmen egzèsis militè woutin tou prè yon pati fwontyè ki lage diskisyon ant li menm avek Kore di Nò malgre Pyongyang menase pou fè reprezay egzèsis sa yo vyole fwontyè a.

Operasyon sa a gen ladan n : atiyri, mòtye ak elikoptè. Yon jounalis radyo nan Kore di Nò li yon avètisman ki di ap gen yon kont-atak tousuit e san mèsi, si sòlda oubyen bato sid-koreyen yo mete pye sou yon ti moso tè oubyen yon pòsyon dlo sou tèritwa Kore di Nò pandan egzèsis sa yo.

Gouvènman nò-koreyen an bay moun ki rete sou 5 zile ki nan zòn fwontyè a konsèy pou yo pati kite rejyon an, sizoka ta gen frap reprezay.