Yon Tranblemandtè 5.7 Souke yon Pati nan Peyi Kolonbi

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kat jewografik Bogota, Kolonbi

Yon tranblemantè ki gen yon fòs 5.6 souke vil Bogota kapital peyi Kolonbi, jedi 6 fevriye 2017 la. Tranblemandtè sa a te lakoz anpil moun ki tap travay nan biwo yo kouri sot deyo epitou li te lakoz aewopò ki nan vil la pa fonksyone pou yon ti bout tan.

Tranblemandtè a te frape yon ti tan apre 8 tè nan maten, lè lokal, e li te sitou konsantre nan depatman Huila ki nan distans 300 kilomèt ak zòn sidwès kapital la. Dapre obsèvasyon sèvis konsène a nan peyi Lezetazini, tranblemandtè a te gen yon profondè 37 kilomèt.

Prezidan peyi Kolonbi a, Juan Manuel Santos, fè konnen li poko okouran si tranblemandtè a ta lakoz kèk dega kote li sot pase yo.

Moun nan vil Bogota ki viv tramblemandtè sa di yo te santi tè a ap vire anwon pandan apeprè 30 segond. Yon konlobyen te di, “Tout sak nan kay la tap vire avè m e mwen te menm panse se vètij mwen te genyen.”

Sa fè yon dezèm fwa yo gwo goudou-goudou frape Kolobi apre youn ki te gen fòs 5.9 nan mwa septanm ane 2016 pase.