Kenya: Lame Peyi a Touye Plizyè Douzèn Konbatan Al-Shabab

Kenya: Lame Peyi a Touye Plizyè Douzèn Konbatan Al-Shabab

Lame peyi Kenya a fè konnen li touye plizyè douzèn konbatan Al-Shabab depi li te antre sou teritwa somalyen an, sa gen kèk jou.

Pòtpawol lame Kenya a, Emmanuel Chirchir di jounalis gen 73 militan gwoup islamis Al-Shabab la ki mouri nan lese-frape ak sòlda Kenyan.