Isit Ozetazini, imigran ki ranpli sèten fòmalite, kapab natiralize pou yo vin sitwayen ameriken. Konsa, yap genyen sèten dwa nan peyi a, tankou dwa pou yo vote nan eleksyon e dwa tou pou yo kandida pou pòs elektif.
Ki fòmalite yon imigran dwe ranpli pou l ka vin sitwayen ameriken? Avoka imigrasyon Larry Fleurantin, depi Miami nan eta Florid, te abode kesyon an nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik nan mikwo Ronald Cesar nan segman espesyal Justice-USA a.
Avoka Larry Fleurantin te reponn kesyon Chèf Sèvis Kreyòl Lavwadlmerik la, Ronald Cesar.
Klike sou lyen odyo a pou w tande repons ak konsèy Mèt Fleurantin bay sou kesyon kijan pou yon moun vin sitwayen ameriken.
Your browser doesn’t support HTML5
Entèvyou Mèt Larry Fleurantin bay Lavwadlamerik sou ki jan yon Imigran kapab vin yon sitwayen ameriken.