Lèzetazini Kondane Atak ak Bonm ki Frape Ayewopò Entènasyonal Istanboul la, nan Tiki

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

ኣብ ኤርትራ ዝካየድ ዘሎ ፈላማይ ቅድድም ብሽክለታ ኣፍሪቃ

Direktè CIA a (Ajans Santral Ransèyman ameriken an), John Brennan, fè konnen atak suisid ak 3 bonm ki fèt madi 28 jen 2016la nan ayewopò entènasyonal vil Istanboul la, nan peyi Tiki, genyen sou li mak fabrik "Gwoup Eta Islamik la" e li lanse avètisman pou l di gwoup teworis la byen kapab ap eseye fè menm kou a Ozetazini. Misye Brennan di:

“Sikilasyon moun ak machandiz nan mond 21èm syèk la, dapre mwen, kapab fasilite gwoup islamik la reyalize sa l vle fè a. E nou te ka wè yo pa menm bezwen deplase, ni touche yon moun pou fè l pase alaksyon, jan nou te konstate sa nan atak tèrib Orlando a kote yon endividi te jwenn mwayen sèvi ak materyèl gwoup la. Men, nou genyen tou moun yo rive gide, dirije e mete nan yon pozisyon kèlkonk. Alòs, ajans sekrè ak sèvis sekurite nou yo genyen yon seri de defi devan yo.”

Pandan prezidan Barack Obama te o Kanada pou yon somè ak Premye Minis Justin Trudeau e ak prezidan meksiken an, Enrique Pena Nieto, li te pale pou l kondane sa k pase nan Istanboul la. Prezidan Obama di:

“Nou pral fè tout sa k nesesè pou n pwoteje pèp nou an. Mwen gen konfyans nou kapab e nou dwe ranpòte laviktwa sou sila yo ki pote lanmò ak destriksyon sèlman; e menm lè genyen moun kap eseye divize nou, se pou nou toujou sonje nou pi fò lè nou mete tèt nou ansanm e lè nou travay ansanm pou yon mond miyò. “

Premye minis tik la, Binali Yildrim, fè konnen gouvènman li a deja ouvè yon ankèt sou atak la; men tout prèv montre se travay Gwoup Eta Islamik la.