Prezidan Donald Trump lanse yon avètisman brital bay prezidan Iranyen an, Hassan Rounani, pou di li "pinga li janm menase Lèzetazini" oubyen peyi li a pral sibi konsekans istorik pou sa. Sanble Misye Trump t ap reyaji sou pawòl M. Rouhani te pwononse anvan sa daprè laprès e kote li ta bay lidè amerkiken an yon avètisman nan mo sa yo "Pa jwe ak ke lyon an; paske sa ka debouche sou regrè.".
Prezidan Trump ekri sou kont Twitter li an lèt majiskil:
<< Mesaj pou Prezidan iranyen an Rouhani: "PA JANMEN, JANMEN MENASE LEZETAZINI ANKO, OUBYEN OU PRAL SIBI KONSEKANS MOUN PA WE SOUVAN NAN LISTWA. NOU PA YON PEYI KI PRAL KITE W LANSE MENAS VYOLANS AK LANMO KONT NOU ANKO. FET ATANSYON!" >>.
M. Rouhani te di: "Lèzetazini dwe byen konprann lapè ak Iran se manman tout lapè e lagè kont Iran se manman tout lagè." Jeneral Gholam Hossein Gheibparvar, yon otorite wo-plase nan Gad Revolisyonè Iran an, pa pran pawòl Prezidan Trump yo oserye; daprè li sa fè pati yon lagè sikolojik, paske M. Trump pa gen entansyon vrèman pou l atake Iran.