La Grand Bretay fè konnen l ap wete kèk nan manm pèsonèl misyon diplomatik li a nan Iran apre atak yon popilas moun te fè sou anbasad la madi 30 novanm 2011 la, nan kapital Iran, Teheran.
Nan yon deklarasyon Foreign Office la --kidonk, ministè afè etranjè britanik la-- pibliye mèkredi 30 novanm nan, li fè konnen sekirite pèsonèl anbasad la ak manm fanmi yo reprezante yon priyorite imedya pou gouvènman an nan Lond. Deklarasyon an pa presize ki kantite diplomat otorite britanik yo pral raple.
Reyaksyon sou sitiyasyon sa a, ki lage tansyon nan relasyon ant La Grand Bretay avèk Iran : Chèf diplomasi amerikèn nan, Hillary Clinton, pa mete dlo nan bouch li pou l kondane atak gwo foul iranyen sa a lanse sou misyon dipomatik britanik la nan Teheran.
Sekretè deta Clinton di –nap site:
“Lèzetazini kondane atak sa a avèk pi gwo fòs posib la. Se yon afwon non sèlman pou pèp britanik la, men tou pou kominote enmtènasyonal la ; e nou pare pou n pote konkou nou, nenpot ki jan, pou n fè mesaj sa a pase : a savwa yon gouvènman gen responsablite pou l pwoteje kominote dipomatik la, pwoteje lavi ak pwopriyete diplomat yo, e nou atann nou aske gouvènman iranyen an respekte responsablite sa a."
Bò Kote pa l, premye minis britanik la, David Cameron, ki reyaji sou sitiyasyon an madi 20 novanm nan, deklare Iran pral fè fas ak kèk konsekans grav poutèt li pa rive defann misyon diplomatik britanik la kont eleman islamik ki te anvayi lokal la, alòske lapolis te rete ap gade.
Popilas la t ap chante slogan « Aba La Grand Bretay » pandan yo t ap kraze fenèt prensipal building nan anbasad la, pran dokiman pou yo voye deyò, epi mete dife nan machin misyon diplomatik la.
Gwoup manifestan iranyen yo te fache poutèt Lagrand Bretay pran sanksyon kont Iran akoz peyi sa a kontinye devlope yon pwogram nikleyè, alòske espesyalis Nasyon Zini fè konnen sanble sa fè pati yon plan pou lran fabrike zam nikleyè.