Iran Di li Pral Pwodui Iranyòl Anrichi Wo Nivo ak Rekontriksyon yon Izin Nikleyè

Your browser doesn’t support HTML5

Dosye pwogram nikleyè Iran an kontinye domine aktyalite sou sèn entènasyonal la. Prezidan repiblik islamik la, Hassa Rouhani deklare li pra l kòmanse pwodui iranyòl anrichi wo nivo nan jou kap vini la yo. Anons sa a vini nan moman Iran di li konstate pa gen gwo efò pou diminye sanksyon Etazini yo.