Irak: Plizyè Bonm Eklate nan Diferan Vil Peyi a

Irak: Plizyè Bonm Eklate nan Diferan Vil Peyi a

Nouvèl ki soti Irak fè konnen atak ak bonn ki fèt nan plizyè vil peyi a touye o mwen 60 moun e blese plizyè santén lòt.

Responsab irakyen yo di atak kamikaz ak lòt kalte eksplozyon devaste sib nan vil Kirkuk, o nò Irak, nan kapital la, Bagdad ak nan vil Kut, ki nan pati sid nasyon arab la.

Daprè otorite irakyen yo toujou, zak vyolans ki pi grav la dewoule nan vil Kut –ki nan pati sid peyi a —kote 2 ekplozyon touye 37 moun pou pi piti e blese plis pase 60 lòt.

Lapolis nan pati sid peyi a fè konnen 2 machin pyeje sote e touye omwen 3 kretyen vivan nan vil Najaf.

Alòske yon lòt atak nan menm sans la detwi lavi omwen 3 moun nan vil Karbala.