Nan foto: Evenman ki make premye ane Eleksyon Trump la
Prezidan Donald Trump ak Prezidan Chinwa Xi Jinping ki poze pou yon foto pandan yo te nan Mar-a-Lago vandredi, 7 avril 2017, Palm Beach, Florid. (AP Photo / Alex Brandon)
Prezidan eli Donald Trump ak Melania madanm li ak pitit gason li Barron Trump nan dimanch maten, 9 novanm 2016, nan New York apre li te fin fè diskou viktwa li a.
Prezidan Barack Obama ak Prezidan eli Donald Trump kap bay lamen apre reyinyon yo nan Biwo Oval La Mezon Blanch la nan Washington, jedi 10 novanm, 2016.
Prezidan eli Etazini an Donald Trump (agòch) ansanm ak madanm li Melania, pandan li tap prete sèman devan Prezidan Tribinal Siprèm Etazini an. John Roberts. Mesye Trump t gen bò kote li tou pitit gason li Barron, Donald, Ivanka ak Tiffany li pandan seremoni envestiti li a nan Washington devan Kongrè a yo rele Capitol Hill la, 20 janvye 2017.
Plizyè milye moun rasanble an mas pou pwotestasyon kont Prezidan Donald Trump nan Samdi, 21 janvye 2017 nan Philadelphia. Lòt mach nan menm sans la te dewoule nan tout peyi a.
Prezidan Donald Trump siyen yon lòd egzekitif enpoze kontwole sevè sou vwayajè k ap antre Ozetazini,Pentagòn, Washington, 27 janvye 2017. REUTERS / Carlos Barria - RTSXWMI
Rankont Prezidan Donald Trump ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan Biwo Oval Mezon Blanch la nan Washington, lendi, 13 fevriye 2017. (AP Photo / Evan Vucci)
Rankont ant Prezidan Donald Trump ak Chanselye Alman Angela Merkel nan Biwo Oval Mezon Blanch la nan Washington vandredi, 17 mas, 2017. (AP Photo / Evan Vucci)
Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, bò gòch, pandan li tap rankontre ak Prezidan pwovizwa Sid Koreyen an ansanm ak pwemye minis Hwang Kyo-ahn nan Seoul, Kore di sid, lendi, 17 avril 2017. (AP Photo / Lee Jin -man)
Rankont Prezidan ameriken an, Donald Trump, ak Minis Zafè Etranje Larisi a, Sergey Lavrov nan Mezon Blanch, Washington, mèkredi, 10 me 2017. (Foto pa Ministè Afè Etranjè Larisi pa AP)
Rankont ant Prezidan ameriken an, Donald Trump, ak Pap Franswa, mèkredi, 24 me, 2017, nan Vatikan an. (AP Photo / Evan Vucci, pisin)
Rankont Prezidan Donald Trump ak Prezidan Franse a, Emmanuel Macron nan anbasad ameriken an nan Brussels, jedi, 25 me, 2017 nan Brussels. (AP Photo / Evan Vucci)
Prezidan Donald Trump kap pale ak laprès sou pozisyon Etazini nan akò Pari sou chanjman klimatik la, jedi, 1 jen, 2017, nan Jaden Roz Mezon Blanch la nan Washington. (AP Photo / Pablo Martinez Monsivais)
Evenman Charlottesville la, Virjini kote yon nonm antre machin li sou yon gwoup manifestan ki kont diskriminasyon rasyal. Sispèk la te pami yon lòt gwoup moun ki te nan yon rali anfavè diskriminasyon rasyal. Charlottesville, Virjini, USA, Out 12, 2017. REUTERS / Justin Ide - RTS1BJ3Y
Prezidan Donald Trump ansanm ak Premye Dam Melania Trump, ak Vis Prezidan Mike Pence ak Karen madanm li (dwa) pandan yon moman silans apre fiziyad nan Las Vegas, Mezon Blanch, Washington, USA, 2 oktòb 2017. REUTERS / Kevin Lamarque IMAJ TPX JOU - RC1F2C009010