Anpil moun te gen gwo laperèz akoz siklon Irma ki te nan kategori 5, tap pwoche sou Ayiti pandan lannuit jedi 7 septanm la pou rive nan vandredi 8 septanm 2017 la. Dapre dènye enfòmasyon yo, ouragan an te frape Ayiti sou zòn nò legèman.
Otorite yo te mete 5 depatman nan gwan nò a sou alèt wouj pami yo, depatman, nò, nòdwès, nòdès, sant, ak Latibonit. Nan pwogram dyaloge ak Etazini vandredi 8 septanm Lavwadlamerik te fe lepwen ak Jounalis Sitwayen ki nan Depatman sa yo.
Klike sou lyen odyo a ki anba tèsk la pou w tande suiv yon pati nan emisyon lib tribin nan kote jounalis sitwayen yo pataje enfòmasyon sou pasaj siklòn Irma nan zòn yo.
Your browser doesn’t support HTML5
Bilan pasyèl sou dega siklòn Irma fè ann Ayiti ak Jounalis Sitwayen nan gwan nò peyi a.