Yon Vag Ensekirite nan Twou-di-Nò; Depite Zòn nan Gen yon Mesaj pou Prezidan an
Your browser doesn’t support HTML5
Anviwon 10 moun pou pipiti deja pèdi lavi yo anba zak endividi ame nan zòn Twou-di-Nò dapre rapò korespondan Lavwadlamerik Jaudelet Jr. S. Vil. Depite komin nan Donald Dorsaintvil ki te pran lapawòl pandan dewoulman yon seremoni kote Prezidan Jovenel Moïse te prezan, pwofite fè pase yon mesaj.