Ayiti-Edikasyon: 5 Mil Anseyan Jwenn Nominasyon yo Dapre Minis Pierre Josué Agenor Cadet

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Minis Edikasyon Nasyonal la Di Leta Ayisyen Depanse 780 Milyon Goud nan Edikasyon pou Ane Lekòl la

Minis edikasyon nasyonal la Pierre Josué Agénor Cadet bay garanti leta ap akonpanye tout aktè yo pou fasilite reyisit ane eskolè 2018-2019 la. Minis Cadet mete aksan sou anviwon 5.000 anseyan ki jwenn nominasyon yo ane sa a.

Pandanstan, prezidan komisyon edikasyon chanm depite a Ketel Jean Philippe kritike fason gouvènman an mennen pwogram sibvansyon manyèl eskolè a ane sa a. An menm tan tou, palmantè a ankouraje pwofesè lekòl yo pou angaje davantaj nan fòmasyon ekolyè yo.

Etidyan finisan ekòl nòmal yo ap mande ministè edikasyon nasyonal pou bayo aksè pou fè estaj nan lekòl piblik yo. Yo menase pou pran lari a pou fè manifestasyon yon fason pou otorite konsène yo kapab tande vwa yo.