Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Pran yon Dekrè Ki Retabli Enstitisyon Lame a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Jovenel Moise pandan li tap prete sèman kòm prezidan Dayiti 7 fevriye 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares)

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pibliye yon dekrè pou remobilize lame Dayiti rejim Lavalas la te demantle nan mitan ane 90 yo. Nan arete a, chèf deta a nonmen yon wo kòmandman enterimè ak 6 manm k ap gen pou fè tout sa ki nesesè pou mete lame a sou pye.

Yon manm fòs nouvo lame Dayiti kap bay sòlda parèy li lamen nan yon reyinyon nan yon ansyen baz Nasyon Zini nan Gressier, Ayiti, 11 avril 2017.

​Lame tou nèf la gen pou l patisipe nan yon parad militè ansanm ak manm Polis Nasyonal Dayiti (PNH) samdi 18 novanm 2017 la nan vil Kap-Ayisyen pou make 214èm anivèsè Batay Vètyè a -swa dènye konba ki te debouche sou endepandans peyi a.Premye Minis la, Jacques Guy Lafontant, ak Minis Defans la, Hervé Denis, ap gen pou evalye chak 3 mwa travay kòmandman enterimè lame a.

6 manm kòmandman enterimè a divize konsa: yon kòmandan an chèf enterimè, yon asistan kòmandan an chèf enterimè, yon eta-majò jeneral enterimè, yon enspektè jeneral enterimè, yon adjidan jeneral enterimè ak yon eta-majò pèsonèl enterimè pou kòmandan an chèf enterimè a.

Anons sa a fèt malgre kèk peyi --pami yo Etazini- di Ayiti pa bezwen yon lame, men pito yon fòs polis nasyonal pwofesyonèl. https://www.voanouvel.com/a/4119259.html