Gouvènman Ameriken an Pral Eksplike Patisipasyon Lèzetazini nan Operasyon l’OTAN an nan Libi

Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton nan yon konferans sou Libi (AP Photo/Susan Walsh, Pool)

Nan Washington, Administrasyon Obama a pran angajman pou l bay anvan lontan tout eksplikasyon ak tout jistifikasyon posib k ap montre rezon ki fè li kontinye patisipe nan operasyon militè a nan Libi.

Otorite nan La Mezon Balnch ki t ap abòde dosye a byen ta madi 14 jen 2011 la, fè konnen y ap prepare yo pou yo bay detay sou yon gwo kantite kesyon konsènan enplikasyon ak wòl Lèzetazini nan misyon l’OTAN lanse pou l apiye rebèl libyen yo, nan moman mesye sa yo ap eseye ranvèse rejim Prezidan Moammar Gadhafi a.

La Mezon Blanch di rapò li pral bay sou dosye a ap genyen ladan n yon analiz legal k ap montre li aji kòmsadwa e an konfòmite ak yon lwa amerikèn ki te pase an 1973 e ki la pou balanse otorite prezidan Lèzetazini an genyen pou l deside fè peyi a patisipe nan lagè.