Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi, FARC, anonse Timoleon Jimenez --ke moun plis konnen sou non Timochenko-- jwenn nominasyon depi nan kòmansman mwa a kòm nouvo lidè Gwoup la.
Timochenko ranplase ansyen lidè FARC la, Alfonso Cano, ki te mouri nan dat 4 novanm pase a nan yon konfwontasyon ak fòs gouvènmatal yo.
Cano t ap dirije Gwoup rebèl la depi 2008. Rebèl FARC yo ap goumen kont gouvènman kolonbyen an depi ane 60 yo. Analis yo di FARC genyen anviwon 9 mil konbatan.