Sektè Pwotestan an Anonse Plizyè Milyon Moun Pral Pran Lari Dimanch nan Pòtoprens pou Mande Depa Prezidan Moise

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sen yon manifestasyon anti-gouvenmantal ki te dewoule nan Potoprens, Ayiti, nan dat 10 fevriye 2021.

Sektè pwotestan an ann Ayiti pwograme yon manifestasyon anti-gouvènmantal pou dimanch 28 fevriye 2021 an pou montre ke majorite pèp la "pa dakò ak fason Prezidan Jovenel Moise ap dirije peyi a."

Paste Gérald Forges, manm komite òganizatè a ki t ap bay yon konferans pou laprès jedi 25 fevriye a, fè konnen nan okazyon an "plizyè milyon moun" pral pran lari pou yo montre kominote entènasyonal la vre reyalite a nannpeyi a: sè preske tout pèp la ki leve "kont yon sityasyon ki pa kapab kontinye."

Nou pwopoze entènòt yo tande Pastè Forges ki envite "pastè, hougan, katolik, pwotestan, pè, jounalis...:" reponn prezan nan manfestasyon dimanch la.

Your browser doesn’t support HTML5

Pastè Gérald Forges, manm komite òganizate manifestasyon ki fikse pou dimanch 28 fevriye 2021 an

Pastè Gérald Forges, manm komite òganizatè manifestasyon anti-gouvènman ki fikse pou dimanch 2 fevriye 2021 an.