FMI Anonse l ap Bese Nivo Kwasans ke l te Prevwa Pou Ane 2012 la

Chèf FMI an, Christine Lagarde ak minis finans nijerya a Ngozi Okonjo-Iweala nan Lagos, Nigeria (AP Photo/Sunday Alamba)

Pandan kè sote ap kontinye konsènan kriz dèt sou kontinan Ewòp la, Fon Monetè Entènasyonal (FMI) fè konnen l ap bese nivo kwasans ke l te prevwa pou ane 2012 la.

Nan mwa Septanm ane pase, FMI te prevwa yon avans 4% pou ane sa a. Men chèf FMI an, Christine Lagarde, di laprès nan kapital sid-afriken-an, Pretoria, ke nan mwa sa a, ajans la ki baze nan Washington, ap redui estimasyon li pou mete l ann akò ak reyalite ki devan li a.

Madam Lagarde kontinye pou l di ke Afrik di Sid ak lòt nasyon ann Afrik “klèman pwal gen pwoblèm” si Ewòp pa rezoud kriz dèt gouvènman.