Ansyen Lidè Kiben an Fidel Castro

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Gwoup 3 foto sa yo ki te nan achiv nou moutre Fidel Castro, pran depi a goch; l ap fimen yon siga nan La Avàn, Kiba, 29 Avril 1961; l ap pale ak laprès pandan li te nan yon misyon pou voye pran Elian Gonzalez nan Washington D.C., 2 Avril 2000; e lakay li nan La Avàn 13 Fevriye 2016.
 

Prezidan peyi Kiba a Raul Castro anonse lanmò frè li, lidè revolisyonè Fidel Castro, nan yon foto ki parèt sou televizyon gouvènman an nan La Avàn, Kiba, 26 Novanm 2016.

Premye-minis Kiben Fidel Castro ap pouse lafimen siga pandan yon entèvyou nan palè prezidansyèl li nan La Avàn, Kiba, Mas 1985. Castro, yon avoka nan La Avàn ki te goumen pou pòv yo, ranvèse gouvènman diktatè Fulgencio Batista 1er Janvye 1959.

Nan yon foto achiv 20 Septanm 1960, lidè kiben Fidel Castro, a goch, ak lidè Sovyetik Nikita Khruschev ap bay akolad nan Nasyon Zini.

Premye minis kiben Fidel Castro siyen yon dekrè ki nasyonalize tout bank ameriken nan Kiba, 17 Septanm 1960.

Nan foto sa a, 12 Oktòb 1979, foto achiv, Prezidan kiben Fidel Castro ap site kèk pwen nan diskou manch long li devan Asanble Jeneral Nasyon Zini nan Nouyòk.

Yon foto achiv 28 Mas 1999 moutre Fidel Castro pandan l te prezidan, ki t ap pale ak jwè ki nan pozisyon slugger nan Baltimore Orioles, Albert Belle, anvan match amikal ant Orioles ak yon Seleksyon Nasyonal Kiben.

Nan foto achiv sa a, 19 Avril 2011, Fidel Castro, a goch, leve men frè-li Prezidan kiben Raul Castro, o sant, pandan yo t ap chante him sosyalism entènasyonal la pandan 6èm Kongrè Pati Kominis la nan La Avàn, Kiba.

Timoun k ap pote imaj Fidel Castro ak Che Guevarra nan yon karavàn omaj pou make 56èm anivèsè premye fèt nan lari ki te salye yon Castro an triyonf ak lame rebel li nan Regla, Kiba, 8 Janvye 2015. Castro ak rebel li yo rive La Avàn nan karavàn nan premye semèn Janvye 1959, apre li fin jete diktatè Fulgencio Batista.

Yon foto Fidel Castro parèt la andan yon biwo lapòs nan La Avàn, 11 Desanm 2015.

Lidè kiben Fidel Castro, o sant, ap pale ak yon tifi pou 90èm anivèsè li nan teyat “Karl Marx” nan La Avàn, Kiba, Samdi 13 Daout 2016.

Lidè kiben Fidel Castro, o sant, prezan nan yon gala pou 90èm anivèsè li, 13 Daout 2016, akonpaye ak Prezidan kiben Raul Castro, a goch, ak Prezidan Venezuela a, Nicolas Maduro, a dwat, nan teyat “Karl Marx” la nan La Avàn, Kiba.

Fidel Castro chita pandan li kenbe men ak frè li, Prezidan kiben Raul Castro, a dwat, ak 2èm sekretè Komite Santral-la, Jose Ramon Machado Ventura, yon moman anvan yo te jwe him nasyonal pati Kominis la nan seremoni kloti 7èm Kongrè Pati Kominis Kiben an nan La Avàn, Kiba, Madi 19 Avril 2016.

Ansyen lidè kiben Fidel Castro, a dwat, bay lanmen ak Prezidan peyi Iran Hassan Rouhani nan La Avàn, Kiba, lendi 19 Septanm 2016.